Apokalips 6:4
Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj soti. Moun ki te moute l' la resevwa pouvwa pou l' mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l' yon gwo nepe kenbe nan men li.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non!
Cross References
Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Ezekiel 29:18-Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.
Daniel 2:37Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou.
Zechariah 1:8Men ki jan pwofèt la rakonte l': -Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l'.
Matthew 10:34Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon.