Apokalips 6:8
Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l' la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (1/4) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non!
Cross References
Leviticus 26:22M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.
Isaiah 25:8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
Jeremiah 16:4Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.
Jeremiah 43:11Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo.
Ezekiel 5:15Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Hosea 13:14Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.