Apokalips 7:12
yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 12:46Depi lontan, sou rèy David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l' mèsi.
Psalms 50:14Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Psalms 89:52(089:53) Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!
Psalms 100:4Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!
Psalms 107:22Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.
Psalms 147:7Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.