Apokalips 7:16
Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 42:2(042:3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?
Psalms 121:6Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
Song of Solomon 1:6Pa gade sou koulè po m'! Se solèy la ki boule m' konsa. Frè m' yo te move sou mwen. Yo fè m' travay nan jaden rezen lòt moun. M' pa t' gen tan pou m' okipe jaden rezen pa m'.
Isaiah 25:4Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi.
Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
Isaiah 65:13Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont.