Apokalips 7:2
Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute soti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l' letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?
1 Samuel 17:36Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.
Song of Solomon 8:6Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti.
Malachi 4:2Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
John 6:27Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.
2 Corinthians 1:22li menm ki make nou ak letanp li, ki mete Sentespri nan kè nou tankou yon garanti pou tou sa li sere pou nou.