Apokalips 8:7
Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.
Cross References
Exodus 9:23Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la.
Joshua 10:11Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.
Psalms 18:12(018:13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.
Psalms 105:32Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.
Isaiah 10:17Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.
Isaiah 29:6Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule.