Apokalips 9:17
Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalie yo nan vizyon an: Kavalie yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap soti nan bouch yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Yo di m' kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon (200.000.000).
Cross References
Genesis 19:24Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.
Psalms 11:6Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
Isaiah 30:33Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.
Revelation 9:9Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay.
Revelation 11:5Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri.
Revelation 19:20Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.