Apokalips 9:6
Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 1:9Lè sa a, li mande m' pou m' pwoche bò kote l' pou m' touye l', paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li.
Job 7:15Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.
Jeremiah 8:3Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Luke 23:30Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou!
Revelation 6:16Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou.