Romans 10:15
si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 52:7Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Nahum 1:15Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt.
Matthew 28:18Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
Luke 2:14Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.
Luke 10:1Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale.