Romans 11:15
Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisak va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
14Men, mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m' ka delivre kèk nan yo.
Cross References
Ezekiel 37:1Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman.
Luke 15:24Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.
Romans 5:10Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.
Romans 11:11Koulye a, m'ap mande: Lè jwif yo bite, èske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo.
Ephesians 1:10Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.
Revelation 11:11Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil.