Romans 11:25
Frè m' yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Psalms 107:43Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè!
Proverbs 3:5Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
Proverbs 26:16Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.
Isaiah 5:21Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!
Isaiah 66:18Mwen konnen sa y'ap fè, mwen konnen sa ki nan lide yo. Mwen menm, m'ap vin sanble pèp tout nasyon yo, pèp ki pale tout kalite lang sou latè. Y'a vini, y'a wè bèl pouvwa mwen.