Romans 12:6
Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 23:34Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
Luke 11:49Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo.
Acts 11:27Lè sa a, kèk pwofèt soti Jerizalèm rive Antiòch.
Acts 15:32Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs.
Acts 21:9Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye.
Romans 12:3Poutèt favè Bondye fè m' lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l' nan lafwa.