Romans 16:18
Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:29Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen?
2 Chronicles 18:12Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale an favè wa a. Ranje kò ou pou ou pale tankou yo tout. Pale an favè wa a.
Psalms 119:130Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
Proverbs 14:15Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'.
Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.
Jeremiah 8:10Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.