Romans 3:27
Bon. Nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè ankò? Pa genyen menm. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Men, paske yo fè Bondye konfyans.
Bib La
In The King James Version
Where is boasting then? It is excluded. By what law? of works? Nay: but by the law of faith.
In Context
Cross References
Ezekiel 16:62Wi, se mwen menm k'ap siyen kontra mwen an avè ou ankò. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Zephaniah 3:11Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m' sou mòn ki apa pou mwen an.
Luke 18:9Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun:
Romans 2:17Ou menm yo rele jwif la, ou apiye kò ou sou lalwa a. W'ap vante tèt ou dèske ou konn Bondye.
Romans 3:19Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
Romans 7:21Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè.