Romans 4:15
Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa.
Bib La
In The King James Version
Because the law worketh wrath: for where no law is, there is no transgression.
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:20Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
Jeremiah 4:8Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou!
Ezekiel 7:19Y'ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò. Paske jou sa a, ni lò, ni ajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje plen vant yo. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.
John 3:36Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
Acts 17:30Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.
Romans 2:5Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.