Romans 4:5
Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l' yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 24:2Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.
Zechariah 3:3Jozye te kanpe la devan zanj Seyè a, ak rad li tou sal.
John 6:29Jezi reponn yo: Sèl travay Bondye mande nou pou n' fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.
Romans 1:17Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.
Romans 3:26Men koulye a, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, an menm tan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
Romans 4:24Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè soti vivan pami mò yo, Jezikri, Seyè nou an.