Romans 5:13
Peche te deja sou latè lontan anvan Lalwa Moyiz la. Men, paske pa t' gen lalwa, Bondye te fèmen je l' sou peche.
Bib La
In The King James Version
(For until the law sin was in the world: but sin is not imputed when there is no law.
In Context
Cross References
Genesis 4:7Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li.
Genesis 6:11Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
Genesis 13:13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
Genesis 19:4Yo pa t' ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. tout gason nan lavil la te kouri vini.
Genesis 19:36Se konsa de pitit fi Lòt yo vin ansent pou papa yo.
Genesis 38:10Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou.