Romans 6:22
Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.
Cross References
Genesis 50:17Men sa n'a di Jozèf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frè ou yo te fè ou la. Padonnen peche yo paske yo te fè ou mal anpil. Koulye a atò, tanpri, padonnen mal nou te fè ou la, nou menm k'ap sèvi Bondye papa ou la. Lè Jozèf tande pawòl sa a, li pran kriye.
Job 1:8Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.
Psalms 86:2Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.
Psalms 143:12Ou renmen m' anpil. Fè tout lènmi m' yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m' yo, paske se sèvitè ou mwen ye.
Daniel 3:26Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a.
Matthew 13:40Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini.