Romans 8:23
Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado Bondye fè nou, n'ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n'ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 21:28Lè bagay sa yo va kòmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou.
Romans 7:24Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò?
Romans 8:19Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.
2 Corinthians 5:2Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la.
Galatians 5:5Pou nou menm, nou gen espwa Bondye va fè nou gras paske nou gen konfyans nan li. Se sa menm n'ap tann, gremesi pouvwa Lespri Bondye a k'ap travay nan nou.
Ephesians 1:14Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l' yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.