Ruth 1:21
Lè m' te pati isit la, mwen te gen tou sa m' te bezwen. Men jòdi a, Seyè a mennen m' tounen de men m' de pye m'. Poukisa pou n'ap rele m' Naomi toujou lè Seyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:7Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
Job 10:17Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.
Job 16:8Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.
Malachi 3:5Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif.