Ruth 2:10
Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l' konsa: -Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
Ruth 2:2Rit, fanm peyi Moab la, di Naomi konsa: -Kite m' ale nan jaden yo pou m' ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m' ranmase nan jaden li. Naomi reponn li: -Ale non, mafi.
Ruth 2:19Naomi mande l': -Kote ou ranmase tout lòj sa a jòdi a? Nan jaden ki moun ou t'ap travay, en? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li konsa li t'ap travay nan jaden yon msye yo rele Bòz.
2 Samuel 7:18Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?
2 Samuel 19:28Tout moun nan fanmi Sayil, granpapa m' lan, te merite pou ou te touye yo vre. Men monwa, ou ban m' dwa pou m' manje sou menm tab avè ou. Mwen pa gen dwa mande monwa ankenn lòt favè ankò.
Matthew 15:22Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil.