Song of Solomon 5:16
Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m' lan ye, medam lavil Jerizalèm!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 19:10(019:11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
Psalms 89:6(089:7) Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
Psalms 148:13Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.
Song of Solomon 1:16Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti kontan ou fè m' kontan. Zèb yo sèvi nou kabann!
Song of Solomon 2:3Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen.
Song of Solomon 6:3Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo.