Titus 3:9
Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 15:3Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.
1 Corinthians 13:2Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.
1 Timothy 4:7Men, wete lide ou sou istwa san sans ki pa dakò ak konfyans nan Bondye, ak sou radòt ki pa merite repete. Toujou chache mwayen pou ou sèvi Bondye pi byen.
2 Timothy 2:16Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.
Titus 1:14pou yo pa swiv vye istwa jwif yo fè, ni kòmandman ki soti nan moun ki vire do bay verite a.