Zechariah 1:15
Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pa t' twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 69:26(069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
Psalms 123:4Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Isaiah 54:8Kòlè te fè m' pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. M'ap moutre ou jan m' toujou renmen ou. Se Seyè k'ap delivre ou la ki di ou sa.
Jeremiah 48:11Peyi Moab te toujou viv san ankenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l' sot nan yon veso mete l' nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l'. Li pa janm vante.
Jeremiah 51:24Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo.