Zechariah 11:14
Apre sa, mwen kase dezyèm baton m' lan, sa mwen te rele Tèt Ansanm lan, pou fè konnen pa gen tèt ansanm ankò ant moun Jida yo ak moun Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Apre sa, Seyè a di m': -Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen.
Cross References
Isaiah 11:13Moun peyi Efrayim yo p'ap fè jalouzi ankò. Peyi Jida a p'ap kenbe moun nan kè ankò. Moun peyi Efrayim yo p'ap anvye sò moun Jida yo. Moun Jida yo p'ap lènmi ankò ak moun Izrayèl yo.
Ezekiel 37:22M'ap fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò.
Zechariah 11:9Lè sa a, mwen di pèp la: -Mwen p'ap swen nou ankò. Sa ki pou mouri mèt mouri! Sa ki pou disparèt mèt disparèt! Sa ki rete yo menm, yonn mèt manje lòt.
Mark 3:24Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.
Galatians 5:15Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!
James 3:16Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.