Zechariah 14:10
Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap soti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm.
Cross References
Joshua 15:32Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Judges 20:45Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil (05.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dèyè rès la jouk Gideyon. Yo touye demil (02.000) ladan yo.
Judges 21:13Lèfini, tout moun ki te sanble yo voye komisyon bay moun Benjamen yo ki te bò Wòch Rimon an. Yo mande yo fè lapè.
1 Chronicles 4:32Yo te rete nan senk lòt kote apre sa: Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan,
2 Chronicles 25:23Joas, wa peyi Izrayèl la, fe Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemès. Lèfini, li mache sou lavil Jerizalèm. Li kraze miray lavil la sou yon longè ki pran depi nan pòtay Efrayim lan rive jouk bò pòtay Kwen an. Sa te fè antou 180 mèt nan miray la.
Nehemiah 3:1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.