Zechariah 14:12
Seyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm.
13Jou sa a, Seyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt.
Cross References
Leviticus 26:16men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.
Leviticus 26:21Si, apre sa, nou vle kenbe tèt ak mwen toujou, si nou derefize koute m', mwen menm tou m'ap peni nou sèt fwa pi rèd toujou pase anvan poutèt peche nou yo.
Leviticus 26:28lè sa a m'a kenbe tèt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.
Deuteronomy 28:59Seyè a va voye gwo malè sa yo sou nou ak sou pitit nou yo, l'a voye gwo epidemi ki pa tande rete, move maladi ki pa konn renmèd.
2 Chronicles 21:18Apre sa, Seyè a voye yon sèl maladi vant sou li ki pa t' ka geri.
Psalms 110:5Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.