Zechariah 6:15
Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:10Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
Isaiah 49:12Gen ladan yo k'ap soti byen lwen. Gen sa k'ap soti nan nò. Gen sa k'ap soti bò solèy kouche. Gen lòt k'ap soti lavil Sinim nan sid.
Isaiah 57:19M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.
Isaiah 60:10Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè.
Zechariah 2:8Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'.
Zechariah 3:7-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m' lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m' yo.