Zechariah 8:23
Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap soti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l': Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:7Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen.
Numbers 10:29Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.
Numbers 14:22okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.
Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
1 Samuel 15:27Samyèl fè sa li vire pou l' ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire.
1 Kings 8:42paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a,