Zechariah 8:4
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: N'a wè vye granmoun, fanm kou gason, vin chita sou plas piblik nan lavil Jerizalèm. Yo chak va gen yon baton nan men yo pou yo ka mache tèlman y'ap vye granmoun.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Lari yo va plen ti gason ak ti fi k'ap jwe konsa toupatou.
Cross References
1 Samuel 2:31Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun.
Job 42:17Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.
Lamentations 2:20Gade non, Seyè! Manyè wè ki moun w'ap matirize konsa! Manman ap manje pitit ki sot nan vant yo, pitit yo renmen anpil yo. Y'ap touye prèt yo ak pwofèt yo nan kote ki apa pou Bondye sèl Mèt la, nan tanp lan.
Hebrews 12:22Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.