Zechariah 9:1
Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte li: Li pran desizyon pou l' pini moun peyi Adrak yo ansanm ak moun lavil Damas yo. Se pa sèlman branch fanmi Izrayèl yo ki pou Seyè a. Tout latè nèt se pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 20:12Ou se Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou n' kanpe devan tout gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè! N'ap tann sa ou pral fè pou nou.
Psalms 145:15Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
Isaiah 13:1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
Isaiah 17:7Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la.
Isaiah 52:10Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.
Jeremiah 23:33Seyè a di m': -Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Seyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Seyè a. Li pral lage nou atè. Se Seyè a menm ki di sa.