The Bible Software
bible.software › Zechariah › Zechariah 9 › Zechariah 9:15

Zechariah 9:15

Seyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a. Yo pral kraze zam lènmi yo anba pye yo. Pandan batay la, yo pral rele tankou moun sou. Yo pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo.

Bib La

In The King James Version

The LORD of hosts shall defend them; and they shall devour, and subdue with sling stones; and they shall drink, and make a noise as through wine; and they shall be filled like bowls, and as the corners of the altar.

In Context

14Seyè a pral parèt anlè tèt pèp li a. Li pral voye flèch li yo tankou zèklè. Seyè a, Bondye a, pral kònen twonpèt la. Li pral mache nan van siklòn k'ap soufle soti nan sid.

16Jou sa a, Seyè a, Bondye yo a, va delivre yo. Tankou yon bon gadò, l'ap sove bann mouton l' yo. Yo pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn.

Read all of Zechariah 9

Cross References

Exodus 27:2W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv.

Leviticus 4:18Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.

1 Samuel 17:45David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.

Song of Solomon 1:4Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!

Song of Solomon 7:9Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l' koule nan bouch nou antan n'ap dòmi.

Isaiah 55:1Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Zechariah 9:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Zechariah 9:14Zechariah 9Zechariah 9:16 →