Zephaniah 1:10
Se mwen menm Seyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 5:9Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.
2 Chronicles 3:1Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la.
2 Chronicles 33:14Apre sa Manase bati yon miray byen wo sou deyò lavil David la, sou bò solèy kouche, bò sous Giyon an. Miray la pran depi nan ravin lan, li pase bò Pòtay Pwason yo, li fè wonn Ofèl la. Manase mete yon kòmandan nan tout lavil peyi Jida yo ki gen gwo ranpa.
Isaiah 22:4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!
Jeremiah 4:19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.
Jeremiah 39:2Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.