Zephaniah 1:14
Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 15:4Moun lavil Esbon ak moun lavil Eleale ap pouse rèl. Moun tande yo jouk lavil Jakaz. Ata sòlda lame Moab yo ap tranble. Yo pèdi tout kouraj yo.
Isaiah 33:7Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo.
Jeremiah 25:36Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Seyè a pral ravaje peyi yo.
Jeremiah 46:5Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè.
Ezekiel 7:6Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive.
Ezekiel 7:12Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a.