Zephaniah 1:15
Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nwaj nwa ap plen syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:9Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal!
Jeremiah 30:7Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'.
Joel 2:11Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?
Zephaniah 1:18Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.
Luke 21:22Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive.
2 Peter 3:7Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.