The Bible Software
bible.software › Zephaniah › Zephaniah 1 › Zephaniah 1:17

Zephaniah 1:17

Seyè a te di ankò: -Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Seyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.

Bib La

In The King James Version

And I will bring distress upon men, that they shall walk like blind men, because they have sinned against the LORD: and their blood shall be poured out as dust, and their flesh as the dung.

In Context

16Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y' al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo.

18Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.

Read all of Zephaniah 1

Cross References

Deuteronomy 28:29Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan ankenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.

Psalms 79:2Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje.

Psalms 83:10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.

Isaiah 29:10Paske Seyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye.

Isaiah 59:9Pèp la di: -Koulye a nou konnen poukisa Bondye ki pou ta defann kòz nou an rete lwen nou konsa, poukisa li pa vin delivre nou. Nou t'ap tann limyè pou klere kote n'ap mete pye nou, men kote nou pase se nan fènwa nou ye.

Jeremiah 2:17Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Zephaniah 1:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Zephaniah 1:16Zephaniah 1Zephaniah 1:18 →