Zephaniah 1:4
Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m'. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l' yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:12Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan.
2 Kings 23:4Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl.
2 Kings 23:12Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.
Isaiah 14:26Men sa mwen fè lide fè pou latè. Mwen pral leve men m' pou m' pini tout nasyon yo.
Hosea 10:5Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l'. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l' nan mitan yo.