Zephaniah 1:5
Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.
Bib La
In The King James Version
In Context
6M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m' konsèy ankò.
Cross References
Deuteronomy 4:19Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
Joshua 23:7Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondye yo. Pa fè sèvis pou yo.
1 Kings 11:33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.
2 Kings 17:33Se konsa yo t'ap adore Seyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te soti.
2 Kings 23:12Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.
Isaiah 44:5Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou.