Zephaniah 1:8
Jou gwo sèvis ofrann bèt sa a, m'ap pini tout gwo chèf yo, tout pitit wa yo ansanm ak tout moun k'ap kopye sou moun lòt nasyon yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 10:22Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: —Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn.
2 Kings 24:12Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.
2 Kings 25:19Nan lavil la, li pran chèf ki te kòmandan lame a ansanm ak senk lòt otorite ki te konseye wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Isaiah 39:7Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.
Jeremiah 22:24Men sa Seyè a voye di Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a: -Mwen fè sèman sou vi mwen, menm si ou te bag letanp ki nan men dwat mwen an, m'ap rache ou nan dwèt mwen.