Zephaniah 2:11
Seyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l', yo chak nan peyi pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Nou menm tou, moun peyi Letiopi yo, Seyè a ap touye nou nan lagè!
Cross References
Deuteronomy 32:38Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lòtèl yo? Se pou yo vin koulye a, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou!
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 72:8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Psalms 86:9Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,
Psalms 117:1Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li!
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.