Zephaniah 3:1
Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.
Bib La
In The King James Version
Woe to her that is filthy and polluted, to the oppressing city!
In Context
Cross References
Leviticus 1:16L'a rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L'a jete l' bò lotèl la, sou bò solèy leve, kote yo mete sann dife a.
Isaiah 30:12Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye.
Isaiah 59:13Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.
Jeremiah 6:7Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.
Ezekiel 22:7Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa.
Ezekiel 23:30ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo.