Zephaniah 3:10
Moun ap soti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Isaiah 18:1Lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt.
Isaiah 27:12Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.
Isaiah 60:4Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.
Isaiah 66:19M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa.
Malachi 1:11Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri m' bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.