Zephaniah 3:14
Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 3:11Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a.
Psalms 14:7Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
Psalms 81:1(081:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (081:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!
Psalms 100:1Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.
Psalms 149:2Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
Isaiah 24:14Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Seyè a gen pouvwa.