Zephaniah 3:16
Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje!
Bib La
In The King James Version
In that day it shall be said to Jerusalem, Fear thou not: and to Zion, Let not thine hands be slack.
In Context
Cross References
Job 4:3Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.
Isaiah 35:4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
Isaiah 41:10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Isaiah 43:1Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.
Isaiah 54:4Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.
Haggai 2:4Men koulye a, kouraj, Zowobabèl! Se Seyè a menm k'ap pale avè ou. Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Seyè a menm k'ap pale ak nou! Mete men nan travay la, paske mwen la avèk nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!