Zephaniah 3:6
Seyè a di: -Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 23:4Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.
Isaiah 15:1Men sa Bondye di k'ap rive peyi Moab: -Y'ap detwi lavil A Moab nan yon grenn nwit. Tout peyi Moab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki Moab la! Apre sa, tout peyi a frèt!
Isaiah 37:11Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m'!
Isaiah 37:36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Jeremiah 25:18Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l' ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l' jouk koulye a.
Zephaniah 2:5Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Seyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a.