1 Chronicles 11:6
David pou tèt pa l' te di premye moun ki va atake moun Jebis yo, l'ap mete l' chèf, moun sa a ap grannèg nan gouvènman l' lan. Joab, pitit gason Sewouya a, te premye moun ki atake. Se konsa li vin chèf.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Apre sa, David al rete nan fò a. Se poutèt sa yo rele l' lavil David la.
Cross References
1 Samuel 17:25Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl.
2 Samuel 3:27Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l' apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l' la.
2 Samuel 20:23Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a.
Psalms 60:9(060:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?