1 Chronicles 14:2
Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.
Cross References
2 Samuel 7:8Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an.
1 Kings 10:9Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
2 Chronicles 2:10Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil (0100.000) barik ble, sanmil (0100.000) barik lòj, sandimil (0110.000) galon diven ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv.
Esther 4:14Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.
Isaiah 1:25Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lè y'ap netwaye fè. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.