1 Chronicles 16:26
Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
Bib La
In The King James Version
For all the gods of the people are idols: but the LORD made the heavens.
In Context
27Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l' ye lakay li a.
Cross References
Job 9:8Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.
Psalms 115:4Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Isaiah 42:5Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:
Isaiah 44:24Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?
Jeremiah 10:12Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
1 Corinthians 8:4Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen.