Isaiah 44:24
Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 26:7Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.
Psalms 71:6Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
Psalms 104:2Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
Isaiah 40:22Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.
Isaiah 43:1Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.
Isaiah 43:14Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.