1 Chronicles 16:31
Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'.
Cross References
Psalms 19:1(019:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (019:2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
Psalms 93:1Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
Psalms 97:1Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
Psalms 99:1Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
Psalms 148:1Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!
Isaiah 44:23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.